N ap chèche yon kontab

Genyen yon pòs ki lib nan meri Pòdepè n ap chèche konble nan moman sa, pòs sa se kontab prensipal meri a ki pote non “Kesye Peyè”.

Moun ki genyen chaj pòs sa genyen misyon pou li: jere kontabilite meri a, depozitè responsabilite finansye meri a epi rann kont ak rapò finansye bay otorite ki plase pou kontwole meri a.

Konkou pou konble pòs la ap fèt 22 me 2026 la, n ap fin resevwa dosye yo nan dat 15 me 2026 la.

voye dosye ou nan adrès sa: contact@mairiedeportdepaix.com, oswa pase depoze dosye ou nan lokal meri a.