POUKISA SIT ENTÈNÈT MERI PÒDEPÈ A LA?
1- Pou anonse mezi meri a pran!
2- pou popilasyon an konnen kisa yap bezwen pou yo jwenn yon otorizasyon nan meri a!
3- Pou tout moun ka wè ki aktivite meri a otorize (chak aktivite meri a otorize lap disponib sou sit meri a pou tout konsène ka okouran, Leta, sèvis ijans, patisipan)
4- Pou chak pwofesyonèl k ap viv nan komin nan ka enskri tèt yo pou meri a ka refere yo epi ede yo nan chèche travay!
5- pou tout moun ka voye mesaj bay meri a sou sa k ap pase bò lakay yo, yon ti tèks byen rapid, yon ti foto epi meri a gentan konnen kisa k ap pase nan zòn nan pou li ka reyaji!
« Annou kòmanse chanjman an ansanm! »
