TRIYE FATRA W NAN 2 VESO

Yon fason pou fatra sispann gaye nan lari yo, Meri a mande pou chak sitwayen ak sitwayèn pran ti responsablite sa a. Kit lakay ou, nan mache a, nan legliz la, nan lekòl la, nan biznis ou, oswa nenpòt lòt kote nan komin nan, mete fatra nou yo nan 2 veso diferan.

Ou ka mete yo nan sachè poubèl oswa nan sak poubèl, men se pou w toujou mete chak kategori nan yon veso diferan.

2 kategori yo se : fatra ki ka pouri ak fatra ki pa ka pouri.

Fatra ki ka pouri yo se : rès manje, po manje, rès vyann, po fri ak legim, elatriye.

Fatra ki pa ka pouri yo se : katon, boutèy vè ak plastik, sache plastik, tout lòt bagay ki fèt an plastik, bagay metalik ak papye.

Annou kòmanse chanjman an ansanm!

Publications similaires